LaDissertation.com - Dissertations, fiches de lectures, exemples du BAC
Recherche

Konta Cedal

Note de Recherches : Konta Cedal. Recherche parmi 298 000+ dissertations

Par   •  10 Avril 2013  •  1 108 Mots (5 Pages)  •  588 Vues

Page 1 sur 5

Collectif pour l’Education et le Développement Alternatif

(CEDAL)

Programme d’Alphabétisation Fonctionnelle Phase III

PAIP/FIDA

Kontra Sèvis pou Asistan Kòdonatè

Yon bò

CEDAL (Collectif pour l’Education et le Développement Alternatif) ki gen Biwo Santral li, Pótoprens nan Delmas 19 Ri Séjourné # 5 bis epi ki reprezante nan moman an ak Marc Claude FELIX NIF : 003-835213-7, n ap rele pi devan moun ki bay Kontra a.

Yon lòt bò

Mesye identifié ak nimewo NIF ……………………………………. n ap rele pi devan moun ki pran kontra a.

Yo rive antann yo sou bagay sa yo:

Objè kontra sa a.

Nan kad reyalizasyon yon pwogram Alfabetizasyon nan zòn Plato Santral, Nòdès ak Nòdwès CEDAL rive mete kanpe plizyè sant alfabetizasyon nan twa depatman sa yo. Nan sans sa a, CEDAL deside prepare kontra sa a pou angaje moun ki pral asire jesyon, kontwòl ak kòdinasyon aktivite alfa yo nan benefis fanm ak gason k ap aprann li ak ekri dapre metòd televizyèl la. Kontra sa a konsène travay Kòdinasyon ak Sipèvizyon travay ki ap fèt nan Sant alfabetizasyon yo kote y ap aprann moun li ak ekri.

Atik 1.- Depi yon moun siyen kontra sa a li rekonèt alfabetizasyon se yon devwa sivik, pa yon djòb.

Atik 2. - Dire Kontra sa a ???

Kontra sa a gen yon dire 4 mwa. Li ap koumanse nan dat 1 Avril 2013 pou fini nan dat 31 Jiyè 2013. Yo kapab renouvle kontra sa a si rezilta yo reponn ak objektif reskonsab yo te fikse a.

Atik 3- Moun ki pran kontra sa a ap pote non: Asistan Kòdonatè. Li ap gen pou travay sou sipèvizyon Kòdonatè Rejyonal la, li sipoze ba li tout asistans ki nesesè nan kad travay la.

Dwa ak dewa siyatè yo.

Dwa ak devwa Asistan Kòdonatè.

Atik 4. - Moun ki pran kontra sa a kòm Asistan Kòdonatè Rejyonal la ap gen pou ede Kòdonatè a fè travay sipèvizyon an sitou kote ki lwen anpil yo. Li va gen pou bay Kòdonatè a rapò regilyèman sou fonksyonnman Sant alfa yo.

Atik 5.- Kondisyon travay : Asistan Kòdonatè Rejyonal la ap founi je gade ki sa Sipèvizè yo ap fè sou teren an. L ap resevwa 20.000 (Ven mil) Goud kòm prim pou tout dire travay sa a. ???

Atik 6.- Asistan Kòdonatè a reskonsab deplasman li. Men lè gen yon deplasman difisil CEDAL mete moto disponib nan kowòdinasyon an pou fasilite travay la. Li ka antann li ak Kòdonatè li pou sa ki konsène itilizasyon moto ki nan rejyon an.

Atik 7.- CEDAL pa gen okenn kouvèti asirans pou travay sa a.

Atik 8. - Si Asistan Kòdonatè a ta gen yon pwoblèm enpòtan ki anpeche li travay, li dwe enfòme Kowòdonatè Rejyonal la byen vit ki ap pran desizyon ranplase l.

Atik 9. - Asistan Kòdonatè a

...

Télécharger au format  txt (5.1 Kb)   pdf (76.8 Kb)   docx (10.2 Kb)  
Voir 4 pages de plus »
Uniquement disponible sur LaDissertation.com